Kisa k ap pase avèk Florida Blue?
BayCare fyè dèske li fè pati kominote n ap desèvi yo atravè tout West Central Florida. Pandan plizyè mwa, nou t ap travay nan bòn fwa avèk Florida Blue pou etabli yon nouvo akò rezo ki jis k ap pwoteje kapasite pasyan yo pou yo kontinye chwazi doktè, lopital ak lòt etablisman ak sèvis BayCare pou swen yo.
Nou mande Florida Blue pou l vin yon veritab patnè nan kreyasyon swen sante dirab pou pasyan nou yo ak kominote n ap desèvi yo. Florida Blue pwopoze to ranbousman ki pa respekte ogmantasyon depans swen klinik yo epi ki ka mete an danje kapasite nou pou atire epi kenbe pwofesyonèl swen sante kalifye yo, envesti nan sèvis ak teknoloji ki nesesè yo, epi kontinye bay bon jan kalite swen West Central Florida merite. Malerezman, li byen posib pou yo retire BayCare nan rezo Florida Blue a./p>
Si nou pa jwenn okenn akò, yo pral retire doktè ak etablisman BayCare yo nan rezo Florida Blue a apati 1ye Oktòb 2025. Sa kapab gen enpak sou pasyan ki gen plan sante Florida Blue ansanm ak lòt plan Blue Cross Blue Shield. Pèdi aksè a BayCare ka poze yon gwo difikilte pou pasyan yo, sa ka fòse yo chanje doktè ak etablisman swen sante ak menm fè trajè ki pi long pou resevwa swen nan rezo a.
Nou vrèman anvi rete nan rezo Florida Blue a. Pou sa posib, Florida Blue dwe angaje li bò kote nou atravè yon kontra ki jis ki reflete bezwen swen sante espesifik pasyan nou yo ak kominote nou yo ansanm ak anviwònman ekonomik aktyèl la.
Objektif BayCare:
- Pwoteje kapasite pasyan yo pou yo chwazi epi jwenn aksè a bon jan kalite swen nan men doktè, lopital ak lòt etablisman ak sèvis BayCare.
- Pèmèt pasyan yo jwenn aksè rapid nan nivo swen yo bezwen an.
- Evite deranjman pou pasyan ki asire atravè Florida Blue.
- Kontinye akonpli misyon nou ki se bay bon jan kalite swen jodia ak nan lavni.
Pozisyon Florida Blue:
- Pwopoze to ranbousman ki pa respekte ogmantasyon depans swen klinik yo epi ki ka mete an danje kapasite nou pou atire epi kenbe pwofesyonèl swen sante kalifye yo, envesti nan sèvis ak teknoloji ki nesesè yo, epi kontinye bay bon jan kalite swen West Central Florida merite.
- Pasyan yo peye prim ki pi wo pou Florida Blue, men ogmantasyon sa yo pa pataje pwopòsyonèlman avèk founisè swen sante yo tankou BayCare ni avèk doktè ak enfimyè ki pran swen pasyan yo dirèkteman.
- Malerezman, eksperyans BayCare avèk Florida Blue pa inik. Florida Blue te mete pasyan yo nan difikilte pandan te retire sistèm sante yo nan rezo li a oswa pandan li te menasepou fè sa aprè echèk negosyasyon.
Sa W Ka Fè Jodia
- Pa gen anyen ki chanje jodia. Kenbe tout randevou ak pwosedi ou te pwograme avèk BayCare yo, epi pa ranvwaye tès depistaj, pwosedi oswa tès sante woutin ki enpòtan pou sante ou.
- Rele Florida Blue nan nimewo ki sou do kat asirans ou an epi fè yo konnen ou vle kontinye gen aksè a doktè ak etablisman BayCare ou konnen epi ou fè konfyans yo.
- Si ou resevwa asirans ou an atravè anplwayè ou a, pale avèk Depatman Resous Imèn oswa Depatman Avantaj ou a epi ankouraje yo pou yo kontakte Florida Blue.
- BayCare ap kenbe ou enfòme pandan tout pwosesis la. Si Florida Blue refize siyen yon nouvo akò ki jis, n ap fè w konnen sa.
- Pou nenpòt lòt kesyon, rele BayCare nan 813-443-8070.
Kesyon Moun Poze Souvan
-
Kisa ki pase ant BayCare ak Florida Blue?
Depi plizyè mwa, nou t ap travay avèk Florida Blue pou nou rive jwenn yon nouvo akò kontra responsab. Objektif nou lè nou siyen yon nouvo akò avèk Florida Blue se pou pwoteje kapasite pasyan yo pou yo chwazi bon jan kalite swen doktè, lopital ak lòt etablisman ak sèvis BayCare ofri. Si nou pa kapab rive siyen yon nouvo akò avèk Florida Blue, doktè, etablisman ak sèvis BayCare yo p ap fè pati rezo Florida Blue a ankò apati 1ye Oktòb 2025.
Malerezman, eksperyans BayCare avèk Florida Blue pa inik. Florida Blue te mete pasyan yo nan difikilte pandan te retire sistèm sante yo nan rezo li a oswa pandan li te menasepou fè sa aprè echèk negosyasyon.
-
Poukisa BayCare ap chèche yon nouvo akò avèk Florida Blue?Kontra nou avèk Florida Blue pral rive nan dat renouvèlman li, sa ki egzije pou nou renegosye yon nouvo akò. Negosyasyon nou yo se yon pati estanda nan aktivite biznis yo lè kontra nou te konkli deja yo ekspire. N ap pran mezi ki nesesè pou asire BayCare nan yon bon pozisyon pou kontinye bay bon jan kalite swen pandan plizyè dizèn ane k ap vini yo. Kounya, sa enplike modènizasyon kontra asirans nou avèk Florida Blue pou reflete dènye devlopman nan swen sante ak reyalite swen sante nan eta nou an.
-
Kisa k ap pase si pa gen okenn akò ki rive jwenn?Si pa gen okenn akò ki rive jwenn, Florida Blue p ap konsidere doktè, etablisman ak sèvis BayCare yo kòm yon pati nan rezo li a ankò. Sa ka poze yon gwo difikilte pou pasyan yo, sa ka fòse yo chanje doktè epi menm fè trajè ki pi long pou resevwa swen nan rezo a.
-
Ki plan asirans yon entèripsyon rezo a ta ka afekte?Si Florida Blue retire BayCare nan rezo li a, entèripsyon an pral afekte pasyan ki gen yon plan Florida Blue oswa yon plan afilye ak Blue Cross Blue Shield nan twa kategori sa yo: asirans anplwayè a bay; asirans ki achte atravè mache lwa sou swen abòdab la; ak plan Medicare Advantage.
-
Kilè Florida Blue pral konsidere sèvis ak etablisman BayCare yo kòm sèvis ak etablisman ki pa nan rezo a?Si Florida Blue refize travay avèk BayCare sou yon nouvo akò, kontra aktyèl nou an ap fini nan dat 30 Septanm 2025 nan fen jounen an. Si sa ta rive, y ap konsidere BayCare pa nan rezo a apati 1ye Oktòb 2025.
-
Èske pasyan yo ap toujou kapab resevwa swen nan men BayCare si yo pa rive jwenn yon nouvo akò?Si pa gen yon nouvo akò ki rive jwenn, pasyan yo ap pèdi aksè a BayCare kòm yon founisè nan rezo a. Sa vle di pandan pasyan yo ka toujou resevwa sèvis nan BayCare, Florida Blue ka fè pasyan yo responsab pou yon pi gwo pati nan depans pou swen yo. Swen ijans yo toujou kouvri kòm yon sèvis ki andedan rezo a. Pasyan k ap resevwa tretman aktif yo kapab kalifye pou avantaj Kontinite Swen (Continuity of Care, CoC) pou kontinye tretman sa a nan rezo a; kontakte Florida Blue nan nimewo ki sou do kat asirans ou an pou w konnen si w kalifye pou avantaj CoC a.
-
Mwen gen yon randevou anvan Oktòb, èske Mwen toujou kouvri?
Sonje pa gen anyen ki chanje anvan 1ye Oktòb 2025.
- Kenbe tout randevou ak pwosedi ou te pwograme avèk BayCare yo, epi pa ranvwaye tès depistaj, pwosedi oswa tès sante woutin ki enpòtan pou sante ou.
-
Kòman Mwen ka pwoteje aksè m nan BayCare?
- Si ou resevwa asirans ou an atravè anplwayè ou a, pale avèk Depatman Resous Imèn oswa Depatman Avantaj ou a epi ankouraje yo pou yo kontakte Florida Blue.
- Si ou gen yon plan Medicare Advantage avèk Florida Blue oswa yon plan ki afilye avèk Blue Cross Blue Shield, fè Florida Blue konnen kòman aksè a doktè ak etablisman BayCare yo enpòtan pou ou pandan w ap anvizaje chwa ou yo nan pwochen peryòd enskripsyon ouvè a k ap kòmanse 15 Oktòb 2025.
- Pou nenpòt lòt kesyon,
(813) 443-8070.
Poukisa BayCare
BayCare se yon òganizasyon swen sante san bi likratif ki gen yon misyon.
Chak jou nou reyenvesti nan pasyan nou yo ak aksè yo nan swen esansyèl. Chak santim nou jenere, nou reyenvesti li nan swen pasyan, nou elaji aksè ak nouvo sèvis.
- Misyon nouse amelyore sante tout moun nou desèvi yo atravè sèvis sante kominotè ki etabli estanda pou bon jan kalite swen ak konpasyon. Lè Florida Blue refize ranbouse nou nan yon fason ki adekwat, li mete an danje kapasite nou pou nou bay pasyan yo swen esansyèl yo bezwen epi merite.
- Nou angaje nou pou nou fè sa ki bon pou pasyan nou yo ak pou kominote nou an. Nan ane 2024 sèlman, nou te bay $467 milyon dola pou avantaj kominote a. Anplis sa, nou se pi gwo founisè sèvis Sante Konpòtmantal nan rejyon an epi nou ranfòse angajman nou pou nou anboche plis founisè Sante Konpòtmantal pou reponn a bezwen kominote a ki pa satisfè, yon desizyon ki gen yon gwo depans finansyè pou sistèm nan.
- Valè swen sante se yon priyorite pou BayCare, anpil nan akò nou yo avèk konpayi asirans sante yo santre sou valè. Nou te siyen akò ki baze sou kalite, pa sou kantite, avèk anpil konpayi asirans – tankou Florida Blue. Avèk akò sa yo, nou diminye depans swen yo pandan n ap kenbe pasyan nou yo an sante epi andeyò lopital la.
Plan Asirans Sante
BayCare gen akò rezo ak anpil konpayi asirans sante.
Klike isit la pou wè yon lis konpayi asirans BayCare gen kontra avèk yo.
Sa W Ka Fè
Sonje pa gen anyen ki chanje anvan 1ye Oktòb 2025.
- Kenbe tout randevou ak pwosedi ou te pwograme avèk BayCare yo, epi pa ranvwaye tès depistaj, pwosedi oswa tès sante woutin ki enpòtan pou sante ou.
- Rele Florida Blu nan nimewo ki sou do kat asirans ou an epi ankouraje yo pou yo travay avèk BayCare sou yon nouvo akò.
- Si ou resevwa asirans ou an atravè anplwayè ou a, pale avèk Depatman Resous Imèn oswa Depatman Avantaj ou a epi ankouraje yo pou yo kontakte Florida Blue.
- Si ou gen yon plan Medicare Advantage avèk Florida Blue oswa yon plan ki afilye avèk Blue Cross Blue Shield, ou gen opsyon pou anvizaje yon nouvo plan Medicare Advantage pandan enskripsyon ouvè a k ap kòmanse 15 Oktòb.
- Klike isit la pou wè yon lis konpayi asirans BayCare gen kontra avèk yo.
- Pou nenpòt lòt kesyon, rele BayCare nan (813) 443-8070.